Create AI Video
Create AI Video

few

Duval Junior Joseph
2024-08-28 08:50:39
Bonjou tout moun! Jodi a, n ap aprann kijan pou nou devlope epi mete an aplikasyon yon kanpay pledwaye pou chanjman sosyal. Pou nou fe sa, nou pral suiv 7 etap kle dokiman ki devlope nan kad pwojè PACIT la.Men avan, kisa yon kanpay pledwaye ye? ….Yon pledwaye se yon ansanm aktivite ke yon gwoup sitwayen mete sou pye pou pote yon repons a yon pwoblèm yon idantifye.Fok mwen di nou tou, mennen yon kanpay pledwaye souvan mande mete kanpe yon kad konplè kote nou jwenn divès estrateji tankoumobilizasyon, konsyantizasyon kominotè, dyalòg entèpèsonèl, rechèch, elatriye. Yon lòt bò, tante kreye chanjman sosyal enplike plizyè nivo aksyon, kote pafwa nou oblije fè pledwaye bò kote kèk pèsónaj kle. Konsa, pafwa pwen kòmansman an se pledwaye a, menm jan an tou, gendefwa li se sèlman yon estrateji anndan yon pi gran kanpay chanjman..

Related Videos